
VOZ HAITIANO EN CHILE TE ESCUCHA!
Bienvenido al sitio web de voz haitiano en chile.
Fácil y rápido
★★★★★
KONSENAN V.H.C
🌍 Voz Ayisyen an Chili
Enfòmasyon klè, gid legal ak akonpayman pou kominote migran an
Voz Ayisyen an Chili se yon espas enfòmasyon, sosyal ak kominotè ki kreye pou gide, oryante ak soutni moun migran, sitou moun ki antre nan Chili pa paso inabilite (chemen pa otorize), pou ede yo konprann kijan yo ka reòganize lavi yo selon sa Lwa Migrasyon ak Etranje N° 21.325 prevwa.
Nou konnen migrasyon pa fasil. Anpil moun rive san bon enfòmasyon, ak laperèz, konfizyon, oswa apre yo fin viktim manti ak fwod. Se poutèt sa sit sa a egziste kòm yon vwa serye ak responsab, ki esplike lalwa ak pwosedi yo nan yon lang senp, fasil pou konprann, san mo konplike, epi ak respè pou diyite moun.
Nou pa vann fo espwa.
👉 Nou bay enfòmasyon veridik, oryantasyon responsab, ak chemen legal ki posib, pou chak moun ka pran bon desizyon pou avni li ak avni fanmi li, nan kad lalwa chilien an.
🎯 Objektif Voz Ayisyen an ChilI
Objektif prensipal sit entènèt sa a se:
✅ Oryante moun migran, sitou nan kominote ayisyèn nan, sou fason yo ka regilarize sitiyasyon migratwa yo nan Chili dapre Lwa 21.325.
📘 Eksplike klèman ak senpleman pwosesis migrasyon yo, espesyalman pou moun ki antre pa pas inabilite.
🧭 Gide epi refere moun yo bay enstitisyon piblik, òganizasyon sosyal, ak sèvis legal serye.
🛑 Prevni fwod ak move enfòmasyon, atravè kontni ki ajou, verifye, epi serye.
🤝 Ankouraje entegrasyon sosyal, respè dwa moun, ak diyite chak migran.
📢 Fè tande vwa kominote a, pou enfòme, edike ak akonpaye moun ki pi vilnerab yo.
Byenvini nan espas vozhaitiano en chile.
Nan espas wap apresye ki tip de travay nap fe nan kominote a.


150+
15
Usuarios felices
Confianza real
kisa nou bay kom sevis
Fomile
nou gen yon fomile pou tout konpatriyot ki nan sitiyasyon iregilye ranpli pesonelman.


TRETE DOKIMAN
Nou ede konpatriyot nou yo ki an sitiyasyon iregilye, klasifye dokiman yo e fe prosesis regilarizasyon.


KI TIP DE MOUN KI KA REGILARIZE AVEK LWA 21.325 LA.
Atansyon! siw pa ranpli omwen yonn nan kondisyon sa yo ou pap ka patisipe.
Moun ki timoun ki gen nasyonalite chilien.


siw gen pitit ki fet chjili, ou kapa regilarize tet ou avek paye tiomoun nan ki gen nasyonalite chilien an.




siw gen yon kontra travay.
Siw gen yon kontra travay siyen kay note, sa ki prouve yon relasyon travay e solvansya ekonomik
Se le ou marye avek mariw ou madanm ou, kelkeswa chili ou ayiti e gen yon ak mariaj ki prouve sa.
Si mariw oubyen madanm ou gen rezidans.
Galería
Documentos, videos y mensajes que la comunidad comparte.
Nap mesi ak dg Marckenson e ekip li pou ed ak sipo li ak kominote a
Ana M.
★★★★★
