black and white bed linen
VOZ HAITIANO EN CHILE TE ESCUCHA!
Bienvenido al sitio web de voz haitiano en chile.

Fácil y rápido

★★★★★

PETISYON POU ELIMINE KAZYE A!

Siw ta renmen gouvenman chilien an elimine kazye a, yon kazye ki paret enposib pou nou jwenn koz koripsyon anbasad la,, e pemet milye de fanmi ap soufri,, siyen petisyon an e patajel ak kontak ou.

Objektif nou!

🌍 Voz Ayisyen an Chili

Enfòmasyon klè, gid legal ak akonpayman pou kominote migran an

Voz Ayisyen an Chili se yon espas enfòmasyon, sosyal ak kominotè ki kreye pou gide, oryante ak soutni moun migran, sitou moun ki antre nan Chili pa paso inabilite (chemen pa otorize), pou ede yo konprann kijan yo ka reòganize lavi yo selon sa Lwa Migrasyon ak Etranje N° 21.325 prevwa.

Nou konnen migrasyon pa fasil. Anpil moun rive san bon enfòmasyon, ak laperèz, konfizyon, oswa apre yo fin viktim manti ak fwod. Se poutèt sa sit sa a egziste kòm yon vwa serye ak responsab, ki esplike lalwa ak pwosedi yo nan yon lang senp, fasil pou konprann, san mo konplike, epi ak respè pou diyite moun.

Nou pa vann fo espwa.

👉 Nou bay enfòmasyon veridik, oryantasyon responsab, ak chemen legal ki posib, pou chak moun ka pran bon desizyon pou avni li ak avni fanmi li, nan kad lalwa chilien an.

🎯 Objektif Voz Ayisyen an Chili

Objektif prensipal sit entènèt sa a se:

✅ Oryante moun migran, sitou nan kominote ayisyèn nan, sou fason yo ka regilarize sitiyasyon migratwa yo nan Chili dapre Lwa 21.325.

📘 Eksplike klèman ak senpleman pwosesis migrasyon yo, espesyalman pou moun ki antre pa pas inabilite.

🧭 Gide epi refere moun yo bay enstitisyon piblik, òganizasyon sosyal, ak sèvis legal serye.

🛑 Prevni fwod ak move enfòmasyon, atravè kontni ki ajou, verifye, epi serye.

🤝 Ankouraje entegrasyon sosyal, respè dwa moun, ak diyite chak migran.

📢 Fè tande vwa kominote a, pou enfòme, edike ak akonpaye moun ki pi vilnerab yo.

ESKEW BEZWEN ASISTANS LEGAL?

Siw bezwen asistans legal sou kesyon ; imigrasyon, travay, fanmi(juzgado familial) y otros. klike nan bouton saa, pouw kontakte avek ekip V.H.C an.

JOU ENTENASYONAL MIGRAN 2025

Mwen te kontan patisipe nan selebrasyon komemorasyon jou entenasyonal migran ansanm avek kominote ayisyen an e encargada sermig EICHY.

DIMANCH 21 DESANM 2025 LAN, NOU TE GEN PREMYE CHARLA NOU AVEK PLIS PASE 150 KONPATRIYOT AYISYEN KAP VIV CHILI DE MANYE IREGILYE, E NOU FE KAPASITASYON AVEK YO SOU KIJAN YO KA REGILARIZE TET YO.

E Lundi kap 29 desanm 2025 a 4h pm, nap gen yon kapasitasyon avek sevis migrasyon peyi chili sou kijan moun ki pase "por paso inhabilitado"yo ka fe pou legalize tet yo. pouw patisipe fok ou se yonn nan moun ki fe pati group V.H.C a ou enskri nan fomile a.

Byenvini nan espas vozhaitiano en chile.

Nan espas wap apresye ki tip de travay nap fe nan kominote a.

150+

15

lajwa lakay konpatriyot

Konfyans reyel

kisa nou bay kom sevis

Fomile

nou gen yon fomile pou tout konpatriyot ki nan sitiyasyon iregilye ranpli pesonelman.

TRETE DOKIMAN

Nou ede konpatriyot nou yo ki an sitiyasyon iregilye, klasifye dokiman yo e fe prosesis regilarizasyon.

KI TIP DE MOUN KI KA REGILARIZE AVEK LWA 21.325 LA.

Atansyon! siw pa ranpli omwen yonn nan kondisyon sa yo ou pap ka patisipe.

Moun ki gen timoun ,ki gen nasyonalite chilien.

siw gen pitit ki fet chili, ou kapab regilarize tet ou avek papye timoun nan ki gen nasyonalite chilien an.

siw gen yon kontra travay.

Siw gen yon kontra travay siyen kay note, sa ki prouve yon relasyon travay e solvensya ekonomik

Se le ou marye avek mariw ou madanm ou, kelkeswa chili ou ayiti e gen yon ak mariaj ki prouve sa.

Si mariw oubyen madanm ou gen rezidans.

SI WAP BAY MADANM, MARI, PITIT OU PAPYE WAP BEZWEN;

Mari oswa madanm

Sètifika maryaj (*).

Sètifika nesans mari oswa madanm nan (*).

Konvivan sivil

Sètifika Akò Inyon Sivil (*).

Sètifika nesans konvivan sivil la (*).

Papa oswa manman

Sètifika nesans papa oswa manman an (*).

Sètifika nesans moun k ap fè demann lan ki gen done pèsonèl li ak done paran li yo (*).

Pitit

Sètifika nesans pitit chilien/an (chilyen) moun k ap fè demann lan, ki gen ladan done pèsonèl paran yo (*).

Si w ap fè yon aktivite ki bay ou revni ekonomik, ou dwe mete kòm atachman:

Dokiman ki endike nan seksyon “Aktivite ou fè, revni ak/oswa mwayen soutyen ekonomik”, selon sitiyasyon ou ye a (*).

Si se yon lòt moun k ap bay ou soutyen ekonomik, ou dwe mete kòm atachman:

Deklarasyon sou sèman depans (declaración jurada de expensas), siyen pa moun k ap soutni a devan notè, epi otorize pa li, avèk siyati elektwonik avanse (*).

Dokiman ki pwouve revni ekonomik moun k ap soutni a, jan sa endike nan atik “Aktivite li fè, revni ak/oswa mwayen soutyen ekonomik”, selon sitiyasyon li ye a .

SI SE AVEK KONTRA TRAVAY OU WAP FEL;

Si ou se yon/a travayè/travayèz depandan (anplwaye):

Kontra travay la ak anèks li yo, legalize devan notè epi otorize pa li, atravè siyati elektwonik avanse.

Egzijans sa a kapab ranpli tou lè w mete prèv enskripsyon elektwonik kontra a, ki anrejistre sou pòtal Dirección del Trabajo, selon dispozisyon atik 9° bis Kòd Travay la (*).

Sètifika validite kontra travay la, legalize devan notè epi otorize pa li, avèk siyati elektwonik avanse (*).

Katola istorik kontribisyon obligatwa pansyon yo, ki emèt pa AFP ki koresponn lan (*).

Sètifika kontribisyon sante ki peye yo, ki emèt pa Fonasa oswa Isapre, selon ka a.

REGILARIZASYON VIA VIZA POU REZON IMANITE

SE YON KATEGORI VIZA KILA POU SILA YO KI DEJA SOU TERITWA CHILIEN AN KI PA GEN OKEN TIP DE LOT VINCULO.

MALADI GRAV.

Tout bagay ki ka prouve kew yon maladi ki grav.

LEW ANSENT

Pou medam ki ansent yo ou ka fe demand tip de viza saa, pou de rezon imanite.

Wap bezwen prouve risk de vi

tout bagay ki ka prouve siw retounen ayiti, la viw menase.

tankou; video, fotos bandi kap detwi ayiti.

Espas video eksplikativa

Nan espas sa nap eksplikew e edew konpran nan ki sitiyasyon migratwa ou ye, e koman ou dwe prosede ak dosye migratwa ou a.

A user filling out a digital form on a laptop, with documents and video upload icons visible on the screen.
A user filling out a digital form on a laptop, with documents and video upload icons visible on the screen.

ALBOM

Close-up of hands uploading a video file on a website form.
Close-up of hands uploading a video file on a website form.
A collection of uploaded documents displayed on a digital interface.
A collection of uploaded documents displayed on a digital interface.
A user typing a message in a comment box on the marckenson dol platform.
A user typing a message in a comment box on the marckenson dol platform.
A screen showing a completed form with various fields filled out.
A screen showing a completed form with various fields filled out.
A diverse group of people collaborating and sharing feedback through the website.
A diverse group of people collaborating and sharing feedback through the website.

Nap mesi ak dg Marckenson e ekip li pou ed ak sipo li ak kominote a

Ana M.

A happy user filling out an online form on a laptop.
A happy user filling out an online form on a laptop.
A close-up of a hand uploading documents on a website.
A close-up of a hand uploading documents on a website.

★★★★★